Home Page »  R »  Rosemond Jolissaint
   

Ala Traka Lyrics


Rosemond Jolissaint Ala Traka


Ala traka pou nèg lakay
K’ap pase tray anba kay pay
Nan yo peyi k’ pagen travay
Y’ape woule yon tren san ray

Tout lajounen nèg pap travay
Ti moun yo paka al lekol
Grangou touni prêt pou fè yo fou
Y’ape mande kisa pou’n fè

Dèfwa m’ santi mwen ta kriye, wouy!
Dèfwa m’ santi mwen ta rele, woy!
Dèfwa m’ santi mwen ta kriye
Pou peyizan lakay yo ki nan mizè ( bis)

Lamizè fè yo demoralize
Y’ap mache 2 bwa balanse
Frè’m ak se m yo ann pran kouraj
Yon jou konsa na travay ak raj

Yo rele anmwe pote yo sekou
Kri yo rete nan twou
Pagen moun ki tande rèl yo
O gran met la! Di yon mo pou yo

Dèfwa m’ santi mwen ta kriye, wouy!
Dèfwa m’ santi mwen ta rele, woy
Dèfwa m’ santi mwen ta kriye
Pou peyizan lakay yo ki nan mizè ( bis)

Ala traka pou nèg lakay
K’ap pase tray anba kay pay
Nan yo peyi k’ page travay
Y’ape woule yon tren san ray

Tout lajounen nèg pap travay
Ti moun yo paka al lekol
Frè’m ak sè’m yo ann pran kouraj
Yon jou konsa na travay ak raj


Dèfwa m’ santi mwen ta kriye, wouy
Dèfwa m’ santi mwen ta rele woy
Dèfwa m’ santi mwen ta kriye
Pou peyizan lakay yo ki nan mizè (bis)

Dèfwa m’ santi mwen kriye, wouy (Dèfwa m’ santi mwen
kriye)
Dèfwa m’ santi mwen ta rele, woy (Dèfwa m’ santi mwen
ta rele)
Dèfwa m’ santi mwen ta kriye (woo woo woo yeh hm)
Pou peyizan lakay yo ki nan mizè

Dèfwa m’ santi mwen kriye, wouy (Dèfwa m’ santi mwen
kriye)
Dèfwa m’ santi mwen ta rele, woy (Dèfwa m’ santi mwen
ta rele)
Dèfwa m’ santi mwen ta kriye
Pou peyizan lakay yo ki nan mizè

Most Read Rosemond Jolissaint Lyrics


the digital vault: how unreleased pop albums end up on the black market
The Digital Vault: How Unreleased Pop Albums End Up On The Black Market
Evren E. - 13 Sep 2026
from streaming to the stage: how music discovery is changing concert culture
From Streaming To The Stage: How Music Discovery Is Changing Concert Culture
Sasha Mednikova - 28 Aug 2026
behind the curtains: the logistical nightmare of stadium tours
Behind The Curtains: The Logistical Nightmare Of Stadium Tours
Chris Page - 17 Aug 2026
post malone to perform at 2026 fifa world cup closing ceremony
Post Malone To Perform At 2026 Fifa World Cup Closing Ceremony
Faith Thompson - 14 Jul 2026
music, tours, and motherhood: how rihanna stays connected on the road
Music, Tours, And Motherhood: How Rihanna Stays Connected On The Road
Evren E. - 29 Jun 2026
Browse: