Home Page »  Z »  Zenglen
   

Ti Bebe Lyrics


Zenglen Ti Bebe

[Intro]
Sak'ay! Koman nou ye?

Ay!! Tande You istwa mezanmi
You manmi ki g'on sèl tifi
Olye pou l' ta montre l' lavi
Li chita ap kenbe l' di (Li chita ap kenbe l di)
Tifi nan dezafi rele, Ouwo, ouwo, ouwo
Mennaj li komèt imprudence
Genlè l' pat fè comdoms konfyans
Après 3 mois vant pran gonfle
Manman tonbe rele (manman tonbe rele)
You sèl piti Bondye, noo
Gad jan avni gache
Pandan gwosès anpil presyan
Paran tonbe fòme you seleksyon
Yo pat vle fè edikasyon
Lè l' akouche y'ap goumen pou bebe

[Guitar Solo]

[Chorus]
Paran eduke timoun yo
Devwa nou se prepare yo, o,oo, o, oo
Avan nou di yo pa fè sa
Fò n' di yo kisa k' gen na sa
Pou yo pa repwoche n' pita

Ay! Mete pitit fi ou chita
Mete piti gason w' chita
Fòk ou kapab pale l'
Danje k' gen na vi sexuel
Nan you peyi mou pa menm ka manje
Evite gwosès premature
Ak tout vye maladi
Sex san kontwòl pwodwi, oo manman

[Chorus]
Paran eduke timoun yo, e,e
Devwa nou se prepare yo, o,oo, o, oo (Ba yo bon edikasyon la)
Avan nou di yo pa fè sa, e,e
Fò n' di yo kisa k' gen na sa (Fò n' di yo)
Pou yo pa repwoche n' pita
[Hook]
Ay! Granpè ap kriye, pou bebe eya, pou bebe
Ay! Granmè ap kriye, pou bebe eya, pou bebe
Granpè ap rele, pou bebe eya, pou bebe

Woy! Yo pat vle fè edikasyon, ah!
Tout lajounen y'ap bay presyon ah!
Yo pat menm la na akouchman ah!
Se bon zanmi ki te prezan ah!

[Hook]
Kounya y'ap kriye, pou bebe eya, pou bebe
Ay! kounya y'ap rele pou bebe eya, pou bebe
Responsabilité

Kounya n' pral pale ak granmoun yo
Paran tande wi!
Pale timoun yo (Pale yo)
Fò n' edike yo (Mete yo chita)
Pale timoun yo (Prepare yo)
Fò n' edike yo

Kounya se timou yo
Fò n' koute paran (Koute paran nou tande)
Yo te la avan (Yo te la avan nou)
Fò n' koute paran (Chita tande yo tande)
Yo te la avan
[Richie]
Ti Bebe, Lè l' mande w bibon
Ti Bebe, Fò w' ba l' bibon
Ti Bebe, Lè l mande w tete
Ti Bebe, Fò w ba l' tete
Ti Bebe, Talè l pra l di w' fout
Ti Bebe, fout pa mo a
Ti Bebe, adverbe de renforcement

Ti Bebe, manmi pa la
Ti Bebe, papi pral vini
Ti Bebe, ba titit
Pou bebe eya, pou bebe


benny blancos mother faces terrifying home invasion in studio city
Benny Blanco's Mother Faces Terrifying Home Invasion In Studio City
Faith Thompson - 26 Nov 2025
ariana grande hints at pausing tours after 2026 eternal sunshine shows
Ariana Grande Hints At Pausing Tours After 2026 Eternal Sunshine Shows
Sasha Mednikova - 18 Nov 2025
tate mcrae unveils deluxe edition of hit album
Tate Mcrae Unveils Deluxe Edition Of Hit Album
Evren E. - 10 Nov 2025
smell like your favorite singer: fragrances inspired by music icons
Smell Like Your Favorite Singer: Fragrances Inspired By Music Icons
Chris Page - 03 Nov 2025
inside the mansions of america’s richest singers
Inside The Mansions Of America’s Richest Singers
Sasha Mednikova - 28 Oct 2025
Browse: