Home Page »  Z »  Zenglen
   

Met Kay La (Madan'm) Lyrics


Zenglen Met Kay La (Madan'm)

Mèt kay la leve byen fache matin an
Sa l' genyen pèsòn pa konnen
Se pa de koze
W'ap tande
"Que pasa con la senora?"

Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Se poze pou w' poze
Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Menm mouch pa sa vole

Chen jape, ap pran kout pye
Tout sak sou wout li antrave
Li dèyè moun pou geri bosko
Male w' se ou li jwenn
Tout soti gen limyè wouj
Kouri plim nan bouch

Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Se poze pou w' poze
Pa ka ri ni pale
Tout moun antrave
Pa ka ri ni pale
Menm mouch pa sa vole
Mèt kay la leve byen fache matin an
Ti krik ti krak g'on lwa ki pran l'
Se pa de koze
K'ap pale

[Piano Solo]

[Hook]
Madan m'
You vye chanson depi maten
Madan m' oh!
Sa l' genyen pèsòn pa konnen
Madan m'
Bare anwo, bare anba
Madan m' oh!
Sa ki konnen pa pase la
Madan m'
Pawòl anpil la pa ko fini
Madan m' oh!
Zafè w ou pot tèt ou vini
Madan m'
Sa ki fache kouri sou li
Madan m' oh!
L'ap tan po kann ak tout foumi

L'ap rele sou ti machann kap degaje
Jis lòtbò lari a yo ye
L'ap di twotwa tounen mache
Bliye si se la li sot achte
Se la tout moun bese leve
Ala madanm babye mesye (Defann tèt ou, w pa bèbè)
[Piano solo]

[Hook]
Madan m'
You vye chanson depi maten
Madan m' oh!
Sa l' genyen pèsòn pa konnen
Madan m'
Bare anwo, bare anba
Madan m' oh!
Sa ki konnen pa pase la
Madan m'
Pawòl anpil la pa ko fini
Madan m' oh!
Zafè w ou pot tèt ou vini
Madan m'
Sa ki fache kouri sou li
Madan m' oh!
L'ap tan po kann ak tout foumi

[Guitar Solo]


benny blancos mother faces terrifying home invasion in studio city
Benny Blanco's Mother Faces Terrifying Home Invasion In Studio City
Faith Thompson - 26 Nov 2025
ariana grande hints at pausing tours after 2026 eternal sunshine shows
Ariana Grande Hints At Pausing Tours After 2026 Eternal Sunshine Shows
Sasha Mednikova - 18 Nov 2025
tate mcrae unveils deluxe edition of hit album
Tate Mcrae Unveils Deluxe Edition Of Hit Album
Evren E. - 10 Nov 2025
smell like your favorite singer: fragrances inspired by music icons
Smell Like Your Favorite Singer: Fragrances Inspired By Music Icons
Chris Page - 03 Nov 2025
inside the mansions of america’s richest singers
Inside The Mansions Of America’s Richest Singers
Sasha Mednikova - 28 Oct 2025
Browse: