Home Page »  Z »  Zenglen
   

Love Someone Lyrics


Zenglen Love Someone

Mwen te konprann, lè 2 moun renmen
Sa vle di lanmou, nan kè tou 2 manifeste
Sa vle di aksepte, defo e kalite
Soufri pou yonn pou lòt
Always be there for each other
Ou ooooh…

Mwen te panse, lè'n te di "I do"
Sa vle di kè'w pou mwen, sa vle di kè mwen pou ou
Sa vle di nou dakò, pou n' viv jis ka la mò
Soufri pou yonn pou lòt, rete soude kou kle ak pòt

Men'm konnen ke renmen pafwa bay dlo nan je, kè brize, that's ok ou ou
Men'm wè ou pran plezi, fè'm mechanste fè'm soufri
That's not how love should be

Lè 2 moun renmen yonn dwe rann lòt byen
Nou ka diskite'n ka fè ti fache, men sa pa vle di pou gen mechanste
When you love someone you don't make them cry
Never say I love you if you're not completely sure

Ou… sou menm kabann chak jou, men'n pa janm fè lanmou
Nou pa pale, yonn pakon'n sa lòt ap regle
Chak jou'w leve ou abiye, epi'w soti ou pa antre
Sa pa yon vi, si ou pa vle'm set me free

Lè 2 moun renmen yonn dwe rann lòt byen
Nou ka diskite'n ka fè ti fache, men sa pa vle di pou gen mechanste
When you love someone you don't make them cry
Never say I love you if you're not completely sure

Ou… sou menm kabann chak jou, men'n pa janm fè lanmou
Nou pa pale, pou ou mwen pa menm ekziste
Tout la jounen ou kay zanmi
Se chak weekend w'ap pran plezi
Lanmou fè'm toleran men pa pwofite pou'w vin mechan

Santi'm bouke!
Cheri souf mwen ap koupe
Mwen pa kapab ankò
Oh Baby can't go all this way

Nou pa menm, ka pale, oh ooooh…

No oh No oh… M'ta renmen konnen pouki sa'w chanje
No oh No oh… why you treating me this way
No oh no oh… si'w g'on kè cheri si'w kwè nan Bondje
Bay lanmou'n yon chans tanpri souple

Oooohhh baby can't go all this way
Fò'n chita pou'n pale
Oooooh…

Lè 2 moun renmen yonn dwe rann lòt byen
Nou ka diskite'n ka fè ti fache, men sa pa vle di pou gen mechanste
When you love some one you don't make them cry
Never break someone heart
Never say I love you if you're not completely sure


benny blancos mother faces terrifying home invasion in studio city
Benny Blanco's Mother Faces Terrifying Home Invasion In Studio City
Faith Thompson - 26 Nov 2025
ariana grande hints at pausing tours after 2026 eternal sunshine shows
Ariana Grande Hints At Pausing Tours After 2026 Eternal Sunshine Shows
Sasha Mednikova - 18 Nov 2025
tate mcrae unveils deluxe edition of hit album
Tate Mcrae Unveils Deluxe Edition Of Hit Album
Evren E. - 10 Nov 2025
smell like your favorite singer: fragrances inspired by music icons
Smell Like Your Favorite Singer: Fragrances Inspired By Music Icons
Chris Page - 03 Nov 2025
inside the mansions of america’s richest singers
Inside The Mansions Of America’s Richest Singers
Sasha Mednikova - 28 Oct 2025
Browse: