Home Page »  Z »  Zenglen
   

B.S. Production Lyrics


Zenglen B.S. Production

[Intro]

Se nan bouch moun nou tande ke Zenglen pral performé
Promoteur a deside san jazz la pa confirmé
Li di music sa pot kòb
Promoteur se yon bon job
Pendant ce temps l'ap detwi reputation tout jazz yo
Fanatik debake: "Promoteur nou vin danse jazz la"
Yo fè deplasman, moun yo peye lajan
Pa menm gen instrument
Promoteur nou vin danse jazz la
Se lè sa l' mande manager jazz la negosye
Manager, konn sa w'ap fè a tande, anh!

[Horns]

Ouh! Se nou k' toujou subi
Promoteur suspan fè nou abi
Public la pa konnen, jan gen nan nou k' koken
Des fois li mal aji
Promoteur suspan fè nou abi
Des fois n'oblije jwe pou reputation n' pa gache

[Guitar Solo]

(Ann chante) B.S. Production show me some actions
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte
B.S. Production show me some actions (Show me actions)
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte

Woyy! Moun yo fè deplasman, moun yo peye lajan
Pa menm gen instrument
Jazz la pa prezante
Si bagay yo pa klè
Se fòt ou promoteur
Yo di jazz la pa sérieux, se Zenglen ki afekte

B.S. Production show me some actions (Show me actions)
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (Oh non)
Lè w' ekspoze jazz la (Se vre wi) san w' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte

[Instrumental]

Si w' pa vle pran mach eskalye a, w'a pran ascenceur a
Paske nou menm se la n' ye, anlè a, anlè a
Mais qu'est-ce qui se passe au second étage?
Se Zenglen chéri k'ape mate kompa

[Hook]
B.S. Production, pa fè sa a,a
B.S. Production, pa fè sa

Lontan, lè w' jwe music yo trete w' de tafyatè
Lontan, lè w' jwe kompa, t'es le plus sal des va-nu-pieds
San yo pa konnen, se nou ki bay lanmou
San yo pa konnen, lè w' met lajwa nan kè yo
You musicien l' s'on instrument indispensable a la nati
Se nou k' ka soulaje, tristès move moman yo
Ou fè m' jwe ou pa peye m'
W'ap di m' atis yo mouri pòv
Olye w'acht'on CD, ou pito fè mil kopi
Ou dwe reyalize s'on B.S. Production ki la pou eksplwate n'
Anpeche nou avanse
Bagay yo gen pou chanje, ou te mèt kwè m' si w' vle
Lè sa n'a pwogrese, n'a remèsye Bondye o, wowowo

B.S. Production show me some actions (Show me actions)
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (non no)
Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
Public la fache (public la fache) jazz la afekte
B.S. Production show me some actions
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte


benny blancos mother faces terrifying home invasion in studio city
Benny Blanco's Mother Faces Terrifying Home Invasion In Studio City
Faith Thompson - 26 Nov 2025
ariana grande hints at pausing tours after 2026 eternal sunshine shows
Ariana Grande Hints At Pausing Tours After 2026 Eternal Sunshine Shows
Sasha Mednikova - 18 Nov 2025
tate mcrae unveils deluxe edition of hit album
Tate Mcrae Unveils Deluxe Edition Of Hit Album
Evren E. - 10 Nov 2025
smell like your favorite singer: fragrances inspired by music icons
Smell Like Your Favorite Singer: Fragrances Inspired By Music Icons
Chris Page - 03 Nov 2025
inside the mansions of america’s richest singers
Inside The Mansions Of America’s Richest Singers
Sasha Mednikova - 28 Oct 2025
Browse: